Fanmi Lavalas salye ayisien isit tankou lòt bò dlo nan moman pandemi Kowonaviris la e li pwofite voye
solidarite l bay tout viktim koronaviris ak fanmi yo.
Apre goudougoudou, siklòn, inondasyon elatriye, pandemi kowonaviris la frape peyi a nan yon moman
kote mizè, grangou, ensekirite, chomaj tap fè ravaj deja. Pèp ayisyen rete 2 bra pandye fas ak otorite
iresponsab sa yo, ki te deja ap benyen nan koripsyon, move gouvènans e ki pa montre okenn kapasite,
konpetans ak volonte pou jere kriz sanitè sa ki makonnen ak yon kriz sosyal ak ekonomik. Yon kriz
ekonomik ki pral vin pi mal, si diaspora a mal pou fè transfè paske kominote ayisyèn aletranje yo frape
anpil ak pandemi sa.
Pèp la pa gen okenn konfyans nan pawòl otorite yo ki kontinye fè yon politik, ki chita sou manti ak
koripsyon. Pandan yo entèdi rasanbleman pou plis pase 10 moun, yo fèmen lekol ak legliz yo, se menm
yo menm ankò ki louvri biwo Dèmalog, mete moun an liy, kole yo youn sou lòt, pou al pran kat pou
eseye renouvle tèt yo sou pouvwa, atravè yon lòt koudeta elektoral. Se menm yo menm lan, ki chwazi
mete popilasyon an youn sou lòt pou al resevwa ti sache pen ak diri nan men kandida malpouwont.
Se menm otorite sa yo ki deklare eta dijans pandan yo kontinye ap regle tout koze yo, pandan ke sa k ta
dwe fèt pou pwoteje popilasyon an kont viris la poko janm kòmanse fèt. Y ap depanse lajan san apel dòf,
san avi Koudèkont e popilasyon an pa wè ni tès depistaj, ni mask ki te sipoze ap distribye pou tout moun,
ni lopital ki dwe pare nan tout depatman nan peyi a, ni pèsonel sante ki gen ekipman pou pwoteje tèt li
pandan l dwe kontinye bay popilasyon an sèvis. Se menm otorite sa yo ki renouvle eta dijans lan jiska 19
me, ki deside relouvri faktori san okenn mezi pou proteje ouvriye yo. Nou te ka wè nan Pòtoprens ak nan
Karakol kantite moun ki te devan faktori yo youn sou lòt nan al chèche lavi malgre malè kowonaviris la
fè pandye sou tèt yo.
Dwa ak diyite moun pa respekte lè nou gade sitirasyon ayisyen ki bloke aletranje ki mande pou retounen
lakay yo, nou wè ki kalte ekzijans leta ayisyen ap fè yo. Lè nou tande reskonsab Travo Piblik peyi a di li
gen fòs komin pou entere 1000 a 1500 mò chak jou, yap panse pou mò san yo poko menm panse pou
vivan epitou ki sa yo fè ak dwa ak diyite mò ak fanmi yo.
Ak yon leta konplis, gang ap fè lalwa, bandi ap rantre kay moun, fè kidnapin, boule kay e masakre moun
nan katye popilè pou eseye kase rezistans majorite popilasyon an.
Kowonaviris la se yon pwoblèm grav ke tout moun dwe pran oserye, Se pa yon okasyon pou dirijan
iresponsab fè koripsyon ak konplo koudeta elektoral. Li pa ka yon bagay leta ap itilize pou anpeche
majorite an reyini e mobilize pou defann dwa li.
Li parèt aklè ke leta piyajè sa se yon viris pi rèd pase viris Kowona a. Pandan ke nap mennen batay kont
korona viris la nan respekte mezi pou pwoteje tèt nou ak fanmi nou, Fanmi Lavalas ankouraje nou
kontinye fè solidarite youn ak lòt nan katye nou, epitou denonse aksyon ki ap fèt pou mete enterè peyi a
ak majorite pèp la sou ban e kontinye batay pou yon lòt mòd leta .
Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas, ki toujou kanpe ak pèp la nan batay pou chanje leta a, rete solidè ak
popilasyon an nan moman difisil sa yo e pran angajman pou li kontinye fè tèt ansanm ak tout sektè,
òganizasyon, pèsonalite ki kwè lè a rive pou peyi a chanje tout bon.
Yon sèl nou fèb, Ansanm nou Fò, Ansanm Ansanm, NOU SE LAVALAS
Komite Ekzekitif Fanmi Lavalas
Dr Maryse Narcisse
Mr Joel Vorbe
Dr Jean Myrto Julien
Agr Anthony Dessources
Reader Interactions