• Skip to main content
  • Skip to primary sidebar
contact@africanliberationday.net

African Liberation Day (ALD)

  • Home
  • About
  • Events
  • A-APRP ALD 2022
    • African Liberation Day 2022 Tabloid
    • ALD 2022 Program
    • Solidarity Statements
  • News
  • Awards
    • Mawina Kouyate Daughters of Africa Award (MKDOAA)
    • Kwame Ture Black Star of Labor Award (KTBSLA)
    • A-APRP Legacy Award
  • Gallery
    • ALD 2022 Gallery
    • ALD 2021 Gallery
    • ALD 2019 Gallery
    • ALD 2018 Gallery
    • Send Photos
  • Contact
    • Post an ALD

Fanmi Lavalas

Nòt Pou Laprès 23 Avril 2020

2020-05-24 by A-APRP Editor Leave a Comment

Fanmi Lavalas salye ayisien isit tankou lòt bò dlo nan moman pandemi Kowonaviris la e li pwofite voye
solidarite l bay tout viktim koronaviris ak fanmi yo.

Apre goudougoudou, siklòn, inondasyon elatriye, pandemi kowonaviris la frape peyi a nan yon moman
kote mizè, grangou, ensekirite, chomaj tap fè ravaj deja. Pèp ayisyen rete 2 bra pandye fas ak otorite
iresponsab sa yo, ki te deja ap benyen nan koripsyon, move gouvènans e ki pa montre okenn kapasite,
konpetans ak volonte pou jere kriz sanitè sa ki makonnen ak yon kriz sosyal ak ekonomik. Yon kriz
ekonomik ki pral vin pi mal, si diaspora a mal pou fè transfè paske kominote ayisyèn aletranje yo frape
anpil ak pandemi sa.

Pèp la pa gen okenn konfyans nan pawòl otorite yo ki kontinye fè yon politik, ki chita sou manti ak
koripsyon. Pandan yo entèdi rasanbleman pou plis pase 10 moun, yo fèmen lekol ak legliz yo, se menm
yo menm ankò ki louvri biwo Dèmalog, mete moun an liy, kole yo youn sou lòt, pou al pran kat pou
eseye renouvle tèt yo sou pouvwa, atravè yon lòt koudeta elektoral. Se menm yo menm lan, ki chwazi
mete popilasyon an youn sou lòt pou al resevwa ti sache pen ak diri nan men kandida malpouwont.
Se menm otorite sa yo ki deklare eta dijans pandan yo kontinye ap regle tout koze yo, pandan ke sa k ta
dwe fèt pou pwoteje popilasyon an kont viris la poko janm kòmanse fèt. Y ap depanse lajan san apel dòf,
san avi Koudèkont e popilasyon an pa wè ni tès depistaj, ni mask ki te sipoze ap distribye pou tout moun,
ni lopital ki dwe pare nan tout depatman nan peyi a, ni pèsonel sante ki gen ekipman pou pwoteje tèt li
pandan l dwe kontinye bay popilasyon an sèvis. Se menm otorite sa yo ki renouvle eta dijans lan jiska 19
me, ki deside relouvri faktori san okenn mezi pou proteje ouvriye yo. Nou te ka wè nan Pòtoprens ak nan
Karakol kantite moun ki te devan faktori yo youn sou lòt nan al chèche lavi malgre malè kowonaviris la
fè pandye sou tèt yo.

Dwa ak diyite moun pa respekte lè nou gade sitirasyon ayisyen ki bloke aletranje ki mande pou retounen
lakay yo, nou wè ki kalte ekzijans leta ayisyen ap fè yo. Lè nou tande reskonsab Travo Piblik peyi a di li
gen fòs komin pou entere 1000 a 1500 mò chak jou, yap panse pou mò san yo poko menm panse pou
vivan epitou ki sa yo fè ak dwa ak diyite mò ak fanmi yo.
Ak yon leta konplis, gang ap fè lalwa, bandi ap rantre kay moun, fè kidnapin, boule kay e masakre moun
nan katye popilè pou eseye kase rezistans majorite popilasyon an.

Kowonaviris la se yon pwoblèm grav ke tout moun dwe pran oserye, Se pa yon okasyon pou dirijan
iresponsab fè koripsyon ak konplo koudeta elektoral. Li pa ka yon bagay leta ap itilize pou anpeche
majorite an reyini e mobilize pou defann dwa li.
Li parèt aklè ke leta piyajè sa se yon viris pi rèd pase viris Kowona a. Pandan ke nap mennen batay kont
korona viris la nan respekte mezi pou pwoteje tèt nou ak fanmi nou, Fanmi Lavalas ankouraje nou
kontinye fè solidarite youn ak lòt nan katye nou, epitou denonse aksyon ki ap fèt pou mete enterè peyi a
ak majorite pèp la sou ban e kontinye batay pou yon lòt mòd leta .
Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas, ki toujou kanpe ak pèp la nan batay pou chanje leta a, rete solidè ak
popilasyon an nan moman difisil sa yo e pran angajman pou li kontinye fè tèt ansanm ak tout sektè,
òganizasyon, pèsonalite ki kwè lè a rive pou peyi a chanje tout bon.

Yon sèl nou fèb, Ansanm nou Fò, Ansanm Ansanm, NOU SE LAVALAS

Komite Ekzekitif Fanmi Lavalas
Dr Maryse Narcisse
Mr Joel Vorbe
Dr Jean Myrto Julien
Agr Anthony Dessources

Filed Under: Solidarity Statements 2020 Tagged With: African Liberation Day, ALD, Fanmi Lavalas

Fanmi Lavalas Press Release

2020-05-24 by A-APRP Editor Leave a Comment

April 23, 2020 Unofficial English translation by Haiti Action Committee

Lavalas Statement on Coronavirus

Fanmi Lavalas sends greetings to Haitians here and abroad during this coronavirus pandemic and takes this opportunity to be in solidarity with all the victims of the coronavirus and their families.

After the earthquake, hurricanes and floods, the coronavirus pandemic has hit the country at a time when misery, hunger, insecurity and unemployment are already disastrous. The Haitian people are left with empty hands by irresponsible authorities already steeped in corruption, and by a government that has shown no capability, competence or willingness to manage this health care crisis embedded within a social and economic crisis. An economic crisis that will worsen if the diaspora finds it difficult to make money transfers because the Haitian communities abroad have been greatly hit by this pandemic. The people have no confidence in the statements made by the authorities who continue to practice a politics that is based on lies and corruption. At the same time that they are banning gatherings of more than 10 people, closing schools and churches, the authorities open Dermalog* offices with people pressed together in long lines to obtain voting cards made in an attempt to renew their mandate through another electoral coup d’état. The same authorities made the decision to organize people in mass gatherings in order to receive a little bag of bread and rice handed out by unscrupulous candidates.

These authorities have declared a state of emergency during which they continue reaping benefits for themselves when initiatives that should be undertaken to protect the population against the coronavirus have not yet been put in place. Public funds are being disbursed for no-bid contracts without the advice of the “Koudèkont” (Accounting Office). Meanwhile, the population has seen no screening tests, no masks that were supposed to have been distributed to everyone, no hospitals that should have been prepared in each department of the country, no health care staff with protective personal equipment while they have to continue providing services to the population.

The same authorities who have extended the state of emergency until May 19, have also decided to reopen the factories without any measures to protect the workers. One can see in Port-au-Prince and Karakol the many people pressed together in front of the factories trying to survive despite the peril of coronavirus hanging over their heads. Human rights and dignity are not respected when we look at the situation of Haitians stranded in foreign countries demanding to return to their homeland; we see the level of requirements that the Haitian government is imposing on them. When we listen to the officials from the country’s Ministry of Public Works say that they have mass graves to bury 1,000 to 1,500 dead every day, we know they are planning for the dead without even having planned for the living. And we ask, what about the rights and dignity of the dead and their families?

With the complicity of the government, gangs are now the law, gunmen are entering people’s residences, kidnapping, burning homes and massacring people in impoverished communities in attempts to break the resistance of the majority population. Coronavirus is a grave problem that everyone must take seriously. It must not be an opportunity for irresponsible government officials to engage in corruption and plotting for an electoral coup d’état. It cannot be an occasion used by the government to prevent people from organizing and mobilizing to defend their rights.

It appears clear that this plundering government is a virus that is worse than the coronavirus. While we struggle against the coronavirus by respecting the measures to protect each other and our families, Fanmi Lavalas encourages us to continue to be in solidarity with one another in our neighborhoods and also to denounce actions that are against the interest of the country and the majority population in the on-going struggle for a different type of state. Fanmi Lavalas Political Organization, always present with our people in the struggle to change the state, continues to stand strong with the population in this difficult period and commits to continue working together with all sectors, organizations and individuals who believe that the time has come for real change in the country.

Alone we are weak, together we are strong, all together WE ARE LAVALAS.

Executive Committee of Fanmi Lavalas

Dr. Maryse Narcisse
Mr. Joel Vorbe
Dr. Jean Myrto Julien
Agr. Anthony Dessources

* Dermalog is a German-based company that
manufactures voting cards for Haiti.

Filed Under: Solidarity Statements 2020 Tagged With: African Liberation Day, ALD, Fanmi Lavalas

Comunicado de prensa de Fanmi Lavalas

2020-05-24 by A-APRP Editor Leave a Comment

Traducción no oficial al castellano por el Comité de Acción para Haití y el Comité en apoyo al pueblo de Chiapas

Lavalas Statement on Coronavirus

Fanmi Lavalas envía saludos a los haitianos aquí y en el extranjero durante esta pandemia del coronavirus y aprovecha esta oportunidad para solidarizarse con todas las víctimas del coronavirus y sus familias. Después del terremoto, los huracanes y las inundaciones, la pandemia de coronavirus ha golpeado al país en un momento en que la miseria, el hambre, la inseguridad y el desempleo son ya desastrosos. El pueblo haitiano se ha quedado con las manos vacías a causa de unas autoridades irresponsables ya impregnadas de corrupción y de un gobierno que no ha demostrado capacidad, competencia ni voluntad para gestionar esta crisis de la atención sanitaria enmarcada en una crisis social y económica. Esta crisis económica se agravará si a la diáspora le resulta difícil hacer transferencias de dinero porque las comunidades haitianas en el extranjero se han visto muy afectadas por esta pandemia.

El pueblo no confía en las declaraciones de las autoridades que siguen practicando una política basada en la mentira y la corrupción. Al mismo tiempo que prohíben las reuniones de más de 10 personas y cierran escuelas e iglesias, las autoridades abren las oficinas de Dermalog* con personas que hacen largas colas para obtener las tarjetas de votación, en un intento de renovar su mandato mediante otro golpe de Estado electoral. Las mismas autoridades tomaron la decisión de organizar a la gente en reuniones masivas para recibir una bolsita de pan y arroz entregada por candidatos inescrupulosos.

Estas autoridades han declarado el estado de emergencia durante el cual siguen cosechando beneficios para sí mismos cuando todavía no se han puesto en marcha las iniciativas que deberían emprenderse para proteger a la población contra el coronavirus. Se están desembolsando fondos públicos para contratos sin licitación sin el asesoramiento del “Koudèkont” (Oficina de Contabilidad). Mientras tanto, la población no ha visto ninguna prueba de detección, ninguna mascarilla que se suponía que debía haber sido distribuida a todos, ningún hospital que debería haber sido preparado en cada departamento del país, ningún personal de atención de la salud con equipo personal de protección mientras se les espera seguir prestando servicios a la población.

Las mismas autoridades que han prorrogado el estado de emergencia hasta el 19 de mayo, también han decidido reabrir las fábricas sin ninguna medida para proteger a los trabajadores. Se puede ver en Puerto Príncipe y en Karakol a las numerosas personas que se agolpan frente a las fábricas tratando de sobrevivir a pesar del peligro del coronavirus que pende sobre sus cabezas.

Los derechos humanos y la dignidad no se respetan cuando miramos la situación de los haitianos varados en países extranjeros que exigen volver a su patria; vemos el nivel de exigencias que el gobierno haitiano les impone. Cuando escuchamos a los funcionarios del Ministerio de Obras Públicas del país decir que tienen fosas comunes para enterrar de 1.000 a 1.500 muertos cada día, sabemos que están planeando para los muertos sin siquiera haber planeado para los vivos. Y preguntamos, ¿qué pasa con los derechos y la dignidad de los muertos y sus familias?

Con la complicidad del gobierno, las pandillas son ahora la ley, los pistoleros están entrando en las residencias de la gente, secuestrando, quemando casas y masacrando a la gente en las comunidades empobrecidas en un intento de romper la resistencia de la mayoría de la población.

El coronavirus es un grave problema que todos deben tomar en serio. No debe ser una oportunidad para que funcionarios irresponsables del gobierno se involucren en la corrupción y en la conspiración para un golpe de Estado electoral. No puede ser una ocasión que el gobierno utilice para impedir que la gente se organice y se movilice para defender sus derechos.

Parece claro que este gobierno saqueador es un virus peor que el coronavirus. Mientras luchamos contra el coronavirus respetando las medidas de protección de cada uno y de nuestras familias, Fanmi Lavalas nos anima a seguir siendo solidarios en nuestros barrios y también a denunciar las acciones que van en contra de los intereses del país y de la población mayoritaria en la actual lucha por un Estado diferente.

La Organización Política Fanmi Lavalas, siempre presente con nuestro pueblo en la lucha por cambiar el Estado, sigue firme con la población en este difícil período y se compromete a seguir trabajando junto con todos los sectores, organizaciones y personas que crean que ha llegado el momento de un cambio real en el país.

Solos somos débiles, juntos somos fuertes, todos juntos SOMOS LAVALAS.

Comité Ejecutivo de Fanmi Lavalas

Dr. Maryse Narcisse
El Sr. Joel Vorbe
Dr. Jean Myrto Julien
Agr. Anthony Dessources

* Dermalog es una empresa con sede en
Alemania que fabrica tarjetas de votación para
Haití.

Filed Under: Solidarity Statements 2020 Tagged With: African Liberation Day, ALD, Fanmi Lavalas

Primary Sidebar

Recent Posts

  • Día De La Liberación Africana
  • National Unity Democratic Organisation (NUDO) of Namibia ALD 2022 Solidarity Statement
  • Senegal: Journée de l’Afrique 2022
  • African Liberation Day 2022 Tabloid
  • Message Chairman IPC/PAFM (Africa Day 2021)

Recent Comments

  • Chandra on PANAFU-SL Statement on African Liberation Day
  • Ayinde on Honoring Revolutionaries Who Have Joined the Ancestors
  • DaraMonifah® Cooper on Virgin Islands African Heritage Week and African Liberation Day Proclamation
  • Nahashon Kamau on Revolutionary Socialist League (Kenya) ALD 2020 Solidarity Message
  • Nana Esi on Abena Disroe Bio

Archives

  • March 2023
  • May 2022
  • May 2021
  • April 2021
  • May 2020
  • June 2019
  • May 2019
  • April 2019
  • March 2019

Categories

  • ALD 2023
  • ALD Tabloid 2021
  • News
  • Solidarity Statements 2020
  • Solidarity Statements 2021
  • Solidarity Statements 2022
  • Uncategorized

Meta

  • Log in
  • Entries feed
  • Comments feed
  • WordPress.org

Get In Touch!

contact@africanliberationday.net

Please Wear White

Wear white as a symbol of unity. In many parts of Africa, white is a sign of celebration. We honor this tradition at ALD.

About Us

African Liberation Day is a permanent mass institution in the world-wide Pan-African movement. As an institution, it is stronger today because the masses of African people are stronger and ALD is their day.

© 2020 African Liberation Day. All Rights Reserved.